Fasil pou w di m non
Fasil pou w di m non
Lè w pa g on ide de sa m ap sibi
Ou ki toujou la nan rezon men pa nan tò m,
Tonnè boule m!
Gade w k ap jwe ak chen m
Pandan w prive m de chat ou pa easy,
Gade de bò dada w k ap souke banm banm
Menm si m ta sou chèz woulant
Ap toujou fè m konnen m ka kanpe djanm djanm.
Demen maten si w wè w fèb
Se paske m pa t sèlman souse tete w
M te souse tout fò ou,
Avwe m fè w touche syèl a chak
Fwa m pase men sou kò ou,
Li pa fasil pou w di non
Lè depi depi kèk mwa m gen yon te wi
K ap bouyi sou li,
Pouki lè maten w al klasik
Sou bit mwen alòske an aswè
W ap kouri sou li?
Ou dwe konfonn li ak trap!
Fasil pou w di non ou k ap li sa
Lè pou w konsome lokal
Manba ak konfiti a bon vre
Men sonje ou pa peye bokal
Ou se kliyan donk se nòmal
Pou m pran ka w la
O final pwezi sa g on sèl moral
Ekri m nan +50946628445 pou pran pa w la
Comments
Post a Comment