Fasil pou w di m non
Fasil pou w di m non Lè w pa g on ide de sa m ap sibi Ou ki toujou la nan rezon men pa nan tò m, Tonnè boule m! Gade w k ap jwe ak chen m Pandan w prive m de chat ou pa easy, Gade de bò dada w k ap souke banm banm Menm si m ta sou chèz woulant Ap toujou fè m konnen m ka kanpe djanm djanm. Demen maten si w wè w fèb Se paske m pa t sèlman souse tete w M te souse tout fò ou, Avwe m fè w touche syèl a chak Fwa m pase men sou kò ou, Li pa fasil pou w di non Lè depi depi kèk mwa m gen yon te wi K ap bouyi sou li, Pouki lè maten w al klasik Sou bit mwen alòske an aswè W ap kouri sou li? Ou dwe konfonn li ak trap! Fasil pou w di non ou k ap li sa Lè pou w konsome lokal Manba ak konfiti a bon vre Men sonje ou pa peye bokal Ou se kliyan donk se nòmal Pou m pran ka w la O final pwezi sa g on sèl moral Ekri m nan +50946628445 pou pran pa w la